Plant Madlèn ou “Pwa Pyant”: yon plant medisinal ki geri anpil gwo maladi.

1,326

Plant Madlèn ke anpil moun nan peyi Dayiti konnen sou non “pwa pyant”, bon pou la sante epi geri divès gwo maladi.

01-22-2023

Pòdpè,Ayiti____(TRiboLAND) Pye Madlèn oubyen plant Madlèn, ke anpil moun konnen sou non, “pwa pyant” nan peyi Dayiti, se yon plant ki toupwisan nan mete do plizyè maladi atè.

Pou anpil moun, byenfè Madlèn yo trè enpresyonan! Yo kapab sèvi avè’l pou prepare trètman pou granmoun, jèn ak ti bebe. Yo fè trètman anemi avè’l, sitou lè yo griye e melanje ak kafe; li rann kafe a fò tou. Yo sèvi ak rasin “pwa pyant” lan, oubyen Madlèn lan, depandaman kote’w ye nan peyi Dayiti, pou fè remèd pou ti bebe ki gen (kolik) vant fè mal. Yo sèvi ak rasin nan tou, pou moun ki gen lalwèt tonbe, amidal ak gòj fèmal.

Yon lòt aspè nan itilizasyon Madlèn, se itilite tizann nan. Yon bon te fèy Madlèn, ede soulaje vant fè mal e maladi epatit. Bwè madlèn ede moun kontrole kòlè yo, e soulaje moun kap fè fas kare ak fredi nan kò yo.

Nan peyi afriken yo, yo relel kinkeliba, nan peyi brezil li pote non kafedegoso, nan peyi ki pale espanyòl yo,yo rele’l kafe de Brusca.

An ayiti, an nou kontinye plante “pwa pyant” ! Bay plant sa a,plis valè paske lap ede nou ak divès maladi!

Comments are closed.