Pou yon ènyèm fwa, manm popilasyon an nan komin Wozo, aplike fòmil Bwa Kale a sou 2 prezime malfektè.

878

08-29-2023

Wozo, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou ènyèm fwa, manm popilasyon an nan komin Wozo, zòn 4èm seksyon kominal Wozo, pase alenfinitif 2 prezime malfektè, ki se Gerald Chevalier ak Faveur Jean, yo akize kòm malfektè ki fè mò manyen yon jenn gason ki se, Makenzy Belizaire ki te mouri mò sibit

Patizan, jenn gason an ki se Makenzy Belizaire, òganize yo nan moman 2 prezime malfektè yo vinn asiste vèy defen an; yo aplike san rezèv fòmil Bwa Kale a, sou Gerald Chevalier ak Faveur Jean alyas “Pwazon Tiye”, ki pat pran tan pou tounen sann.

Anpil, nan moun ki temwaye nan mikro TRiboLAND yo, fè konen pou mwa dawout 2023 a, sa fè 3 moun manm popilasyon an touye ou enskri nan pwogram BK a ki ta sanble trè fasil pou aplike nan komin Wozo, rejyon Gomye.

Comments are closed.