Tribinal Prèmyè Enstans Pòdpè a lanse 2èm semèn asiz kriminèl san asistans jiri yo

964

01-22-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLANd) Aprè TPI Pòdpè a te fin reyisi premyè semèn asiz kriminèl san asistans jiri yo, avan fèt nwèl la, nan twa semèn yap gen pou fè yon fason pou yon pati moun ki nan prizon Sivil Pòdpè a konn santans yo selon sa yo fè, oubyen sak dwe libere.

Yon poz ki te vin pwolonje sitou ak desè prematire ansyen Dwayen Yves Louis Marie Periclès, nan dat 22 desanm ki sot pase a. Nouvo Dwayen pou yon ti bout tan an, Me Ernest M. K. Desravines ak chèf Pakè Pòdpè a, Me Applys Feliz lanse 2èm semèn asiz kriminèl san asistans jiri yo kap kòmanse lendi 23 pou al bout jedi 26 janvye 2023.

Ap toujou gen 2 sal odyans kap pèmèt yo fè 2 jijman pa jou. Prensipal akizasyon yo se: vòl lannwit, vòl ak zam nan men, Asosyasyon malfetè, vyòl ak brakaj. Yon orè deja mentni e ki mansyone non akize yo, enfraksyon yo, Komisè ou Sibtiti Komisè kap konpoze ministè Piblik la, ak Jij kap syeje a.

Seri asiz sa yo se toujou nan objektif pou batay kont detansyon prevantiv pwolonje yo ak pèmèt moun kap kwoupi nan prizon jwen liberasyon yo ou byen santans yo.

Comments are closed.