Miragwànn: Ansyen senate Nenel Cassy ak yon krèy militant politik jwen arestasyon yo

356

01/21/21

Miragwànn_____(TRiboLAND)Youn nan lidè radikal opozisyon peyi Dayiti a, ansyen Senatè Nenel Cassy melanje ak kèk lòt militant politik, jwen arestasyon li jodi jedi 21 janvye 2021 an nan Miragwàn.

Se nan moman yon aktivite protestasyon ke opozisyon politik la tap òganize nan komin Miragwànn ke plizyè nan militant politik yo jwen arestasyon yo, daprè komisè gouvènman jiridiksyon an ki deklare ke se lòt bòkote Prezidan Jovenel Moise ke li jwenn pou mete men nan kasav ansyen senate Nenel Cassy.

Pami 50 arestasyon ki fèt yo, genyen prezans militant politik Jeanty Manis egalman. Selon ke TRiboLAND apran, opozisyon an deja ap trese lèl aprè yon parèy arestasyon ki deja ap fè laviwonn dede rezo sosyàl yo.

Senatè Cassy malgre li te anba minòt nan gadavu, li pat manke yon lòt fwa ankò mete Jovenel Moise nan plas li. Li deklare se ak sèvo yo ap batay e yo pa genyen zam. Li akize chèf leta kòm moun ki mete G9 sou pye ak tout lòt moun ki gen zàm pou batay ak la repiblik. Men yo menm yo vle yon polis ki endepandan e yap batay pou sa arive fèt.

Comments are closed.