2 moun mouri dekapite nan 4èm seksyon Rivyèdèba nan lokalite Janklè, komin Senlwidinò.

999

01-18-2023

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Leona ak Oknèl se non 2 endividi sa yo ki mouri dekapite nan lokalite Janklè jodi a mèkredi 18 janvye 2023 a.

Selon kèk enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND, moun ki viktim yo ta 2 bòfrè, yo chak ak yon sè. Oknèl ta koupe tèt Leona nan yon jaden, alòske fanmi Leona dekapite Oknèl nan arive vanje pou pwòch yo.

Van ensekirite a rekòmanse ankò, nan kèk seksyon nan komin Senlwidinò .

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.