Chofè moto denonse 2 propriyetè estasyon ponp a esans Tigwav ki amize yo ap vann galon gazolin 750 goud.

1,014

01-17-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Robenson Michel se non yon chofè moto nan kad yon entèvyou li akòde ak la près jounen madi 17 janvye 2023 a; li pa mete dlo nan bouch li pou denonse epi kondane movèz pratik mache nwa 2 responsab ponp nasyonal nan zòn estasyon transpò André Dicette nan Tigwav. Michel deklare, mèt ponp yo pran yon malen plezi pou takse popilasyon an 750 goud pou yon galon gazolin.

Sitwayèn Robenson Michel di, li anòmal pou tout lòt ponp a esans nan peyi a ap vann galon gazolin nan 570 goud ke leta fikse a, aloske propriyetè ponp ak ponpis yo nanTigwav enpoze konsomatè yo peye 750 goud pou yon gallon pandan ke pri a afiche nan tèt ponp yo 570 goud.

Chofè motosiklèt prive a, mande Komisè Gouvènmen pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul asime responsabilite li devan sitiyasyon sa a, kap devlope nan fason responsab ponp a esans yo ap distribiye gaz atravè komin Tigwav, ki riske fè moun kontinye ap viktim anba movèz fwa propriyetè ponp ak ponpis yo.

Nap fè remake, nan kad ankèt TRiboLAND mennen bò kote pwopriyetè yo, yo ta presize ke yo pase enstriksyon fòmèl ak ponpis yo pou vann gaz la a 570 goud.

Alòske sou bò pa ponpis yo, yo fè konnen ke yo resevwa lòd bò kote patwon yo pou takse konsomatè yo 750 goud, pandan yo esplike yo tande anpil plenyen nan mitan chofè taksi yo, men sepandan yo paka fè afè pa yo pou yo pa jwen revokasyon.

JOICY Arnold.

Comments are closed.