Joe Biden anonse premye vizit li an Afrik

121
1
Share:
TRiboLAND

Par TRiboLAND.com

Peyi Angola pral resevwa nan kòmansman mwa desanm 2024 la, vizit pwezidan ameriken an, Joe Biden. Yon parèy vwayaj pral konsidere kòm pwemye pasaj  pwezidan ameriken nan Kontinan afriken an depi li antre nan fonksyon li.

Se te yon vwayàj ki te deja pwograme pou mwa oktòb 2024 la men ki te avòte akoz peryòd siklonik (Milton) lan ki tap bale wouze peyi Etazini. Deplasman Biden nan, nan Afrik Sahara a, mete an evidans ranfòsman relasyon bilateral ant Etazini ak peyi Angola.

Pou Maison Blanche, yon parèy vizit pral mete plis limyè sou transfòmasyon relasyon tou 2 peyi yo; l’ap rekonèt egalman wòl estratejik Angola kòm patnè reyèl nan rejyon Sahara a. Joe Biden ap genyen pou fè ti bat bouch ak omològ li, João Lourenço sou sekirite, sante e patenaryà ekonomik.

Nap raple, peyi Angola chaje ak resous minyè, li se yon patnè kle pou peyi Etazini kap chèche genyen aksè resous afrikèn yo. Vizit pwezidan Biden nan, genyen anpil pou wè egalman avèk gwo konpetisyon enfliyans kap manniganse ant yon seri gwo pwisans mondyàl sou Kontinan afriken an.

Share:

1 comment

Leave a reply