Yon gwo aksidan okazyone yon otobis tonbe nan dlo Lak Azeyi ak plizyè pasajè: 6 moun sèlman ta arive sove

1,751

09/19/2021

Fonparizyen______(TRiboLAND) Malgre manèv avèk bwàs plizyè sekouris benevòl, yo pa arive sove anpil pasajè ki te pyeje nan yon otobis ki tonbe nan Lak Azeyi avèk plizyè pasajè sou wout Nasyonal nimewo 3 ki mennen sou fontyè ant Repiblik Ayiti ak Repiblik Dominikèn jodi dimanch 19 septanm 2021 an.

Otobis la aksidante nan zòn Fonparizyen. Li te genyen abò yon kenzèn pasajè ki tap soti Pòtopwens pou antre Malpas. Li tonbe nan dlo apwè yo gwo kòken chen aksidan. Avèk ladrès tradisyonèl moun nan lokalite a, yo arive chape sis moun e pami yo chofè otobis la.

Abitan yo tap miltipliye bwàs e mande konkou otorite yo pou retire viktim yo ki te deja noye nan dlo; yon demach ki te pran anpil tan; alòske se apwè yon bon bout tan sèvis Ponpye Vilaj Mirak nan Fonparizyen te rive sou plas trajedi a e arive mete deyò otobis la ak 6 kadav sèlman. Alòske te genyen an total yon kenzèn pasajè.

Comments are closed.