Yon dife ki ta okazyone nan lavant gaz atè eklate nan vil Pòdpè

09/09/2021
Pòdpè______(TRiboLAND) Li te 11 zè maten jedi 9 septanm 2021 an lè dife deklentche nan yon restoran nan “Rue du Quai” ki se pwopwiyetè Ketia nan vil Pòdpè.
Selon enfòmasyon yo, se gaz ki te estoke nan kay la ki ta lakoz dife pran. Konsa, Keétia pa arive chape anyen e se gras ak ladrès e vijilans popilasyon an ki fè yon latriye lòt kay pa arive konsome nan “Rue du Quai”.
Plizyè sitwayen nan Pòdpè bay Leta koupyon an responsab yon parèy kalamite e ki pat janm fè jefò pou anpeche mache nwa nan lavant gaz atè nan lari ki pa menm gen yon ponpye, lè jan de ka sa yo pwezante.
Li enpòtan pou n raple se pa premye fwa ensandi sa yo repete nan site Kapwà Lamò a, ki pa janm pwokire yon ponpye nan egzistans li.






