Okap ap pare l pou resevwa 16èm edisyon Festival Entènasyonal Jazz Pòtoprens (PapJazz)

672

01-17-2022

Okap, Ayiti___(TRiboLAND) 16èm edisyon Festival Entènasyonal Jazz Pòtoprens (PapJazz) ap fèt vandredi 20 janvye pou rive dimanch 22 janvye 2023 a, nan vil Okap, daprè Fondasyon Jazz Ayiti.

Pa mwens pase sèt (7) platfòm atistik pral resevwa atis ki soti nan nèf peyi tankou: Kanada, Chili, Kiba, Espay, Etazini, Lafrans, Ayiti, Meksik ak Repiblik Dominikèn ap fè aparisyon yo pou yon parèy sòlòkòtò kiltirèl.

Atis nasyonal ak entènasyonal yo pral gen yon pwogram divès ki gen ladan l platfòm atistik, atelye ak pwojeksyon odyovizyèl ak yon latriye lòt distraksyon. Nap raple, yon parèy edisyon antre nan kad pou rann Tousen Louvèti yon gro Omaj!.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.