Preparasyon fèt Monkamèl nan komin Kapotiy

1,508

07-13-2022

Kapotiy, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kèk jou se pral fèt Monkamèl nan komin Kapotiy, anpil pèleren deja fè aparisyon yo nan Monkamèl, dapwè ekip “Ouanaminthe Info Plus” ki te fè yon kout pye nan Kapotiy yè madi 12 jiyè 2022 a.

Malgre sitiyasyon peyi a ki anboulatcha, moun Kapotiy ap prepare pou yo fete fèt patròn yo ki se Nòtredam Monkamèl apati 15-16 jiyè 2022 kap vini la a.

Yon bon valè pèleren deja debake nan komin nan; konsa, yo swete wè ke genyen amelyorasyon nan ensekirite a atravè peyi a. Konsa, yon envite polisye yo voye je gade yo sitou lanwit akoz fè nwa ki anvayi vil la.

Nan okazyon fèt patronal la, òganizatè yo deja prevwà divès aktivite kiltirel yon fason pou moun ki fè deplasman yo kapab yaya yo nan anbyans tankou: bal, Dj, festival Monkamèl nan sodo, Kana pou n site sa yo selman.

N’ap fè remake gen kèk travay kap fèt sou wout ki relye Wanament ak Kapotiy a. Nap raple, fèt Monkamèl ap dewoule ane sa anba tèm: ”Manman Monkamèl, modèl lapriyè ak sèvis ede n travay pou delivrans tout moun”.

Comments are closed.