Depi 2 Chen pipi Vil Pòdpè inonde

0 437

Pòdpè__(TRiboLAND) Lapli ki tonbe lanwitt 15 pou rive maten 16 jwen 2019 la, mete vil Pòdpè nan debanday! Trafik enpwatikab menm pou taxi moto; labou ap mitipliye nan diferan katye nan vil-la; pil fatra pa sispann ofri yon espektak tou de Babèl, anfen yon sitiyasyon revoltan ki de jou an jou kap redwi dinyite popilasyon kapwaz nan nivo ki pa sanble kote moun ap viv ditou ditou.

Volim fatra tout kalite ki vinn danse kole ak kantite lavalas dlo bay anpil kè sere ak lawouli. Selon kèk sitwayen, fatra kap naje sou dlo ki antre nan vil-la pandan lapli-a gen tout kalite dechè ladan-l. “Nou mèt espere nan jou kap vini la yo, popilasyon an pwal sibi pi plis toujou, sekous ijènn ak maladi”, selon yon lokatè anba lavil-la ki tap pale.

Sitiyasyon sa ki anba de je nawè otorite yo gen plizye ane la; li vinn pi mangonmen apwè yo finn retire tout adoken nan ri Dimarsais Estimé-a e answit dekonstonbwe tout kanal yo. Se yon travay kap mache nan pa tòti e pèsonn moun pa konnen ni pye, ni tèt travay sila.

Vil Pòdpè ki toujou jwenn repwezantan kap batay pou li, toujou kontinye ap fè pwèv de yon vil peny ti dan nan dènye jou sa yo. Konsa, se fatra ki di moun “bonvini” nan antre vil-la ak de bò lari toupatou; chan avyasyon twansfòme kon yon veritab pak dechè toksik kote kochon, kabwit, ak mouton ap kòmande moun. Pandan tan sa, sezon siklònn nan rive; pèsonn otorite pa janm di anyen nan kad pweparasyon ak mezi pwevantiv kont katastwòf.

Bondye papa-m, bagay yo pa piti! Konstriksyon anachik ki pa sispann miltipliye nan anvirònman vil-la ak moun tèt pa dwàt ki renmen danse kole ak fatra oubyen zannimo, mete popilasyon an sou chemen male ak katastwòf ki inevitab!

Jehrbson Petit, TRiboLAND

Leave A Reply