Bandi kokorat san ras yo ta sanble kidnape atis Ken-Fs sou wout Nasyonal # 5 lan.

937

01 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Tris nouvèl pou fanmiy, zanmi ak fanatik atis nòdwezyen an ki se Ken-Fs. Gwo koure ak gwo zam manch long nan men yo ke anpil moun idantite kòm baz kokorat san ras ta kidnape epi pote ale ak atis rap kreyòl pitit Nòdwès la ke tout moun konnen sou non Ken-Fs.

Enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive boske nan bon ti mamit ta fè kwè, atis rap kreyòl la tap vwayaje abò yon bis ki rele “Patrick Tour”, pou tal jwe yon pwogram.

Nan moman nap pale la a, fanmiy, zanmi ak fanatik atis la, patikilyèman fanatik Nòdwès yo, plonje nan yon veritab somèy dezolasyon akòz yo pako genyen okenn bòn enfòmasyon sou sante atis la.

Enkyè jiskaprezan pou sante atis la, n ap raple ou, atis Ken-Fs ki se pitit Nòdwès, sot apèn resevwa pri atis rap kreyòl pou ane 2023 a.

Comments are closed.