Kay-Jakmèl

414

05/15/2021

Bon Lawouze ki soti Michino monte Kapwouj, desann pran Ravin Nòmand, janbe Gaya pou rive jis bò lanmè.

Kay-Jakmel, vil kote moun konn moun, vil lanmè ak bon pwason remon ,kote moun renmen moun, kokoye pou piyay.

Lanmè lakay nou gratis kote ki pa manke dlo poutan anpil moun ap cheche dlo ak balèn.Vil kote ki gen premye izin idwo nan karayib la.

Tout moun konnen lè gen 1e me ak kanaval nasyonal,Remon ak timouyaj pa gen kote pou pike zepeng.

Nou fò nan atizanal: chapo ,djakout , chèz , hanmak …ki vann nan tout kwen peyi a pou m pa di men m andeyò peyi a,Kay-Jakmel bay anpil manje byo.

Epòk pwa kongo wa di se laman ki tonbe nan jaden yo,yanm menm se pa pale
Patat ,pichtach ,manyòk , lamveritab, bannan …..

Epòk chadèt, zoranj tout kalite.Mango, kenèp ,sak tonbe atè nou di se pou chen , nou pa bezwen sik pou m bwè ji .

Chokola, kafe, Si w bay yon moun Kay-Jakmel sa li di w li pa vle mande l byen si se Kay-Jakmel li soti.

Tankou lontan gen yon ti bonbon Siwo kay Wilda depi ou pral koze ak yon fanm ou pa genyenl nan poch ou , ou deja pa bon,granmoun kou timoun ap fè lèsanpa .

Pa janm bliye Pè Ledu te di
depiw gen yon tèt fè mal kò kwaze ou pa bezwen al lopital jis desann nan bouchi a lage kòw nan lanmè a .

Nan mòdèl , St Michel , sou tèt letang, nan tèt Gaya se pi bel kote wap domine lanmè a , bon Jan van ap bat ou se la tout etranje vle rete. Fò Oje menm depiw rive la wap kontanple 3 komin Marigo , Jakmel ak Kay-Jakmel.

Lèstar dogoyin, Renesans,
Kapris , bizou ak Tou Nèf se diferant kalte Djazz vil la.
Te gen yon bibliyotèk bò legliz katolik la,m pa konnen sil monte sil desann,
DNL ofri nou youn ki se Cameji li pa lot kote bò legliz karido a nan ri Salomon .

Nan koze foutbòl nou te tòp : Flamengo, Dinamo, Flèch Rapid, Fashion, Monaco, Entrepid, Kalavachè, Supè B, Feeling, Flèch nwa , Mélodie, nou te tòp.

Nan koze rara pa gen deba, ou bezwen wè si se vre vin gade chak vandredi sen kote plis pase yon divildal moun tout kote vinn danse rara.

Moun Kay-Jakmel. Nou se lakay . Lakay se nou . Ann gonfle venn nou pou nou fè komin sa bèl .

“Désiral Patrick, À l’aune de l’histoire”


https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=1167820587072712&id=564020520786058

Comments are closed.