Mèt Magnekel Régulus kritike ak tout fòs li kanaval ki pral òganize Wanament lan

1,021

01-16-2022

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon pòs Mèt Magnekel Régulus pibliye sou kont Facebook li nan lendi 16 janvye a, li kritike zafè kanaval la ki pral òganize nan Wanament.

Lidè Lòd Demokratik la kòmanse pou l di : “Depi kèk mwa yon ti gwoup moun reklame tèt yo sivil avèk misyon poudefann Wanament. Malgre lè’m gade moun ki ladan yo, se prèske manb pati politik, pwomotè ak kandida pou pòs politik”.

Mèt Magnekel Régulus

Pou Mèt Régulus, priyorite Wanament, se konstriksyon plas piblik la e jiska prezan popilasyon an paka jwenn li pou rekreye yo. Malerezman, majorite moun ki te nan inisyativ la, kraze plas la ak tout moun ki te nan antouraj yo tankou: zanmi yo ou frè yo ki te la pou te fè plas pa arive konstwi. Jodia, se menm moun sa yo k’ap ofri nou kanaval.

Priyorite Wanament, se batay pou Leta finalman dote nou yon lopital referans, paske jiska prezan nan chèn sistèm sante a, apa “Inivè”, Wanament pagen lopital; e sa nou rele lopital la, se senpleman yon sant sante li ye, selon jan ministè sante piblik define li.

Lidè Lòd Demokratik la ki pa kache dèyè bwa pou tire wòch, anonse nan jou kap vini yo li pral bay ki sa ki kache dèyè òganizasyon kanaval sila, pandan Wanament sal pi mal pase lagraba.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.