Yon entènasyonal Ayisyèn angajel ofisyèlman ak Klèb Olenpik Lyonè a, jounen lendi 16 janvye 2023 a.

1,244

Melchie Daëlle Dumornay, se non premyè ayisyèn ki pral entegre ekip foutbòl feminen Lyon an pou yon peryod 3 lane.

01-17-2023

Ayiti, Frans____(TRiboLAND) Nan yon kominike ki pote non Klèb Olenpik Lyonè a, jounen lendi 16 janvye 2023 a, dirijan klèb sila anonse sou sit ofisyèl yo, ke Melchie Daëlle Dumorney,entènasyonal ayisyèn nan siyen yon kontra avèk yo pou yon peryod 3 lane.

Estaf ekip la atravè kominike a, fè konnen se ak anpil kè kontan yap tann entènasyonal ayisyèn nan kap gen pou komanse woule balon ak yo sòti nan 1e jwiyè 2023 pou rive 30 jen 2026.

Comments are closed.