PNH : Gro operasyon tranble janm nan zòn Tomasen, Fresa, Kenskòf ak Laboul 12

666

01-15-2023

Tomasen, Ayiti_____(TRiboLAND) Polis nasyonal ap efektye yon gro operasyon tranble janm nan plizyè lokalite nan banly Petyonvil nan jounen dimanch 15 janvye 2023 a.

Selon yon repòtè TRiboLAND ki sou plas, fòs lòd yo ap prepare pou lanse yon atak manman penba kont bandi san fwa ni lwà ki pa sispann teworize popilasyon an nan rejyon an. Plizyè rezidan, machan pyeton tout kalite, patikilyèman nan Tomasen 25 tap resevwa tout maten dimanch lan, alèt pou yo deplase e antre lakay yo, bay lari a blanch.

Plizyè inite taktik PNH, akonpanye cha blende FADH, traktè ou bouldozè delwaye; yon atmosfè ki kreye gro van panik sòlòkòtò nan yon seri antre tankou Laboul 12 ak Tomasen 30 ak 28 san konte anndan plizyè nan zònn sa yo ki kadriye ak checkpoint polis kap kontrole va e vyen motosiklèt ak machinn.

Pandan moman sila, moun kapab tande anpil gro kout zam latroublay ki pa sispann rebondi nan diferan zòn konsène yo, patikilyèman blòk tankou Fresa, basyon group gang ti Makak la.

Comments are closed.