Ajan lòd yo kraze an granmou yon fèt chèf gang : 3 moun arive mouri e pami yo numewo 2 gwoup gang “Kache Dife” a

237
0
Share:
TRiboLAND

08/28/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Ajan PNH yo fè yon anvayisman sou yon gwoup chèf gang ki tap pran plezi yo nan fèt “Black Party”, nan Delma 75, vandredi swa 27 out 2021 an.

Yon parèy operasyon PNH okazyone 6 moun arive blese; Manilo ki se numewo 2 nan tèt gwoup gang Kache Dife, alye G9 (ki gen nan tèt li ansyen polisye Jimmy Cherisier alyàs “Barbecue”) kap feraye nan Belè arive mouri nan echanj kout zàm ak ajan lòd yo.

Ajoute ak sa, genyen 2 lòt moun ki arive mouri pami yo, yon polisye ki te akonpanye Manilo pèdi egalman lavi l.

Antouka nan mitan gwo katchouboumbe, plizyè nan chèf gang sangwen te oblije kouri kraze rak pandan ke lapolis tap eseye rapouswiv yo.

Share:

Leave a reply