Komisè polis Tigwav la, ta sanble viredo bay komisarya Tigwav la.

58
0
Share:
TRiboLAND

11 – 22 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) komisè polis Tigwav la, Herard Joseph ta sanble viredo bay komisarya a, selon sous kèk polisye ki ta fè konnen komisè a pa enterese retounen nan pòs li ankò. Li esplike l’ap tan’n Wo Komandman PNH la ba li yon lòt pòs dafektasyon.

Chèf polis la kite komisarya a nan yon moman ko te gang kriminèl Viv Ansanm yo ap kouri kite zòn Metwopolitèn Pòtopwens lan pou al kache nan vil pwovens yo. Anpil sitwayen kwè komisè Herard pa ta dwe kite komin Tigwav; li ta dwe la pou anplwaye estrateji epi ankouraje ajan polisye yo nan kad lit y’ap mennen kont gang san sal Viv Ansanm yo.

Toutfwa, direktè jeneral enstitisyon PNH la, mesye Vladimir Paraison ta dwe korije sitiyasyon sa a prese – prese epi pran dispozisyon rekiz pou enstale yon lòt nouvo komisè polis nan tèt komisarya Tigwav la.

Sous, konfrè jounalis Zicout Makendy _ korespondan Radyo Kiskeya nan Tigwav.

Share:

Leave a reply