Majistra enterime meri Tigwav la akonpaye yon delegasyon ki soti nan ministè Anviwonman vizite divès rivyè nan komin nan.

128
0
Share:
TRiboLAND

09 – 21 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ajan egzekitif enterimè meri Tigwav la, Fedner Hilaire Admirable nan tèt yon delegasyon ki te genyen plizyè kad ki soti nan minisitè Anviwonman, vizite divès rivyè nan komin Tigwav, jounen samdi 19 septanm 2026. Pami rivyè yo arive obsève yo, genyen rivyè Ladig, rivyè Pwovans, rivyè Kayiman, rivyè Koutis, rivyè Pon Barèt ak rivyè Dlo Piti san konte kèk dalo.

Selon majistra Fedner, vizite sa a fèt, sou demand meri a, pou kapab evalye ansanm rivyè yo ki ankri nan komin nan. Pou wè kòman yo kapab fè kèk entèvansyon avan gwo sezon lapli ki pral tonbe sou komin nan. Kidonk, y’ap eseye fè bwas nan kad gwo siklòn, ouwagan, tanpèt ki deja anonse pou mwa oktòb kap vini la a.

Toutfwa, delegasyon an bay popilasyon Tigwavyèn nan garanti y’ap fè kèk entèvansyon nan rivyè yo; konsa, pou diminye kantite ou evantyèl dega sezon lapli a kapab pote, selon Fedner Hilaire Admirable.

Share:

Leave a reply