BSAP lanse ofisyèlman yon nouvo group brigadye sou Fòlibète nan komin Tigwav.

184
0
Share:
TRiboLAND


08 – 01 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Brigade surveillance des airs protégés (BSAP) lanse ogisyèlman yon group brigadye tou nèf sou Fòlibète nan komin Tigwav jounen jedi 01 dawout 2024 la. Seremoni inisyasyon an dewoule an prezans divès pèsonalite etatik pami yo ansyen majistra eli Delor Desgranges ak manm nan popilasyon an.

Direktè BSAP la, Edny Vergin ki te tap pran lapawòl nan okazyon an, deklare bay popilasyon an, misyon yo se pwoteje anviwonman an, restore sit touristik yo, plante pye bwa nan perimèt yo, e pèse wout nan seksyon kominal yo.

Ala tèt BSAP la kontinye pou fè konnen, yo pa pote zam, yo pa la pou bat moun, ni yo pa la pou ranplase lapolis ak lajistis nan kad travay yap fè nan kominote a.

Nap siyale avant lansman an, ajan BSAP yo tap make pa nan yon anbyans defile, yo te pakouri divès ri andan vil Tigwav, yon fason pou jistifye egzistans yo nan popilasyon tigwavyèn nan.

Share:

Leave a reply