Kiko St-Remy ak Ansyen Depite Arnel Bélizaire tonbe anba sanksyon peyi Kanada yo.

1,501

Charles St-Remy (Kiko) ak Ansyen Depite Arnel Bélizaire, se non 2 lòt endividi ki vin ogmante lis sanksyon peyi Kanada yo, jounen vandredi 13 janvye 2023 a.

01-13-2023

Otawa, Kanada____(TRiboLAND) Peyi Kanada sanksyone jounen vandredi 13 janvye 2023 a, Kiko St-Remy kise bofrè ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, Michel Joseph Martelly ak Ansyen Depite Arnel Bélizaire pou tèt yo ta nan konivans ak plizyè group gang ame ak trafik dwòg, daprè yon kominike ki soti bò kote ministè Afè Lot Bò Dlo peyi Kanada.

2 endividi sa yo, ki vin ogmante lis sanksyon peyi Kanada pap ka non sèlman vwayaje nan peyi Kanada, men tou, tout byen yo ak fòtin eskandalez yo ap egalman jele nan peyi Kanada.

Comments are closed.