Ansyen Senatè Kedlaire Augustin pa ekate posibilite pou’l patisipe nan prochèn eleksyon yo.

1,259

Ansyen senatè Nòdwès la, ki te fè pati ti rès Sena a, pa ekate posibilite pou’l pote’l kandida pou pòs senatè nan pwochen eleksyon kap gen pou fèt yo.

01-13-23

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Senatè anba banyè PHTK, Kedlaire Augustin pase 6 lane nan Sena ayisyen an, san yon bilan pozitif.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske ansyen senatè ti rès Sena a ayisyen an, nan kad fonksyon li yo, te ranpli ròl reprezantasyon ke’l te genyen anvè popilasyon kite vote’l la?

Pou anpil moun, senatè Kedlaire Augustin te mete yon biwo nan vil Pòdpè aprè kèk jou ki pat menm anfonksyon paske pòt biwo a ta pral fèmen palaswit. Yon siy ki montre ke senatè a, pat respekte fonksyon reprezantasyon an, paske pou kèk kritik, senatè a pat janm itilize yon ògàn pou kominike ak votan yo sou travay li tap fè nan Sena ayisyen an.

Ansyen Senatè repiblik peyi Dayiti, swadizan planifikatè devlopman, konbyen lopital, Sant sante, lekòl piblik, inivèsite, anplwa, poun site sa yo sèlman ke ansyen senatè a planifye pou pèp Nòdwès la?

Senatè a pandan manda peze souse a, te fè objè plizyè gwo eskandal nan larepiblik; Kedlaire Augustin ta pral aklame kòm premye senatè nasyonal ou Nòdwès ki te enplike nan zak kidnappping. https://triboland.com/2020/03/13/arestasyon-senate-kedlaire-augustin-kom-pwezime-kinadpe/

Antouka, pou ansyen senatè ti rès Sena a, li pare pou prochèn eleksyon kap vini la yo. Èske pèp Nòdwès la pral bay ansyen senatè a yon lòt manda ou byen voye’l odyab!

Comments are closed.