Lapolis mare tankou krab Aristide Jean Romain ak Vallière Alexandre pou enplikasyon kòm prezime asasen yon polizye ak detansyon zam ilegal

968

01-13-2023

Pòtoprens, Ayiti (TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti arete nan lannwit jedi 12 janvye 2023 a: Aristide Jean Romain, 49 lane ak Vallière Alexandre 35 lane, nan Lilavwa 10 ak Lizon pou detansyon zam ilegal ak enplikasyon yo kòm prezime asasen nan lanmò Polisye Wilson Présumé 17 novanm 2023 a, sou wout Nasyonal nimewo 3, nan zòn estasyon sab la.

Zam Polizye ajan 2, ki te soti nan 22èm pwomosyon PNH la, ki gen pou mak “Taurus” nimewo seri: TFX-46904 ak tout chajè li, ki gen 7 katouch te twouve-l nan men 2 malfwa yo ki ta sanble gen men yo tranpe nan zak sasinay Présumé Wilson.

Pou konnya, prezime asasen yo twouve yo nan kadavi DCPJ pou swit ankèt la, avan menm yo voye dosye sila bay Lajistis.

Comments are closed.