Lapolis nan Sidès fouke yon gwo koure, manm gang Maryani

795


05 – 04 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan Jakmèl mare Louis-Jeune Jean alyas Blanc, 31 lane aprè midi samdi 04 me 2024 la, nan zòn Mabyal. Prezime asasen an te gen sou li 113 500 Goud ak yon mouchwa wouj.

Daprè divès moun nan popilasyon an ki abitye frekante wout Jakmèl-Pòtoprens lan, gwo koure Louis-Jeune Jean toujou sou wout la ap fè resèt pou chèf gang Maryani an, Bout Ba.

Pou konnya Louis-Jeune Jean nan gadavi komisarya Jakmèl la, anatandan dosye a transfere bay Lajistis.

Comments are closed.