Endividi sangwen kase kav kote Mèt Yves Marie Louis Periclès te antere a

1,247

01-07-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Endividi sangwen kase kav kote ansyen Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a, Mèt Yves Louis Marie Periclès te antere a. Nan lannwit 7 janvye 2023, Jij titilè a.i Tribinal Depè Pòdpè a, Jij Lionel Obsaint akonpanye ak Lapolis te prezan pou fè konsta legal yo, an prezans kèk manm nan fanmiy dèfen an.

Poko gen oken detay ki revele ki sa yo pran nan kav la!

Lajistis deja emèt manda dèyè yon endividi, men yo pa vle revele non malfwa sila. Sa fè lontan zak malonèt profanasyon sa yo ap fèt nan simityè Pòdpè a. Fwa sa a, se pou tout bon! Lajistis deside mete pye atè pou trake malfwa sa yo ak tout moun mòg ki ta ap achte pwanyè sèkèy yo, jèb, kouwòn, e latriye.

Comments are closed.