Deblozay pete nan simityè Senlwidinò a, ant fòselyè ak pitit responsab simetyè a .

1,351

11-01-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Deblozay pete ant Dieubon Estima ki se yon fòsslyè ak Wiltè Pitit Tertilien ki se responsab anchèf nan simityè a komin Senlwidinò a.

Wiltè ki te gen beef ak Dieubon pou moun ki ta dwe resevwa kosyon nan men moun ki vin limen balèn yo, tonbe batay nan mitan tout moun yo. Wiltè koupe yon dwat Dieubon ak yon kout dan. Yon kout dan ki koute lavi pou yon malere kap bat dlo pou fè bè nan moman sa a.

Nan moman zòlòkòtò a, anpil moun panse se te mouvman gede ki te antre antèt 2 mesye sa yo ki tap trase kata pami lèmò ak lèsen. Antouka, yon dwàt arive koupe nan okazyon fèt La Toussaint nan gro manifestasyon gede nibo!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.