Bandi Samiel alyas Tirach kidnape Nity pou l rekipere zam polis minisipal Gaspa yo te sezi mwa pase a.

1,163

01-07-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Bandi Tirach kidnape Altemé Nity, youn nan manm polis minisipal yo kite sezi yon galil nan men yon solda Tirach nan mwa oktòb 2022 pase.

Jounen samdi 7 janvye 2023 a byen bonè nan maten, Nity te vin vakwe ak aktivite l nan mache Rivyè Dèba; se konsa, plizyè bandi atake li e li rive tonbe anba men bandi yo.

Yo menote Nity e mennen l ale nan baz yo. Bandi yo promèt pou libere Nity, jiskaske yo rekipere zam galil la ki rele yo chèmèt chè mètrès.

Comments are closed.