Lig Foutbòl Pòdpe a lanse travay yo pou yon vesyè tounèf

940

04-09-2024

Pòdpe, Ayiti ___(TRiboLAND) Lig Foutbòl Pòdpe a lanse ofisyèlman travay vesyè a jounen lendi 08 avril 2024 la sou Pak Kapwa Lamò. Malgre bouch lonje ki gen nan dènye moman sa, swit ak eskonbwit ant yon seri gwo potanta nan Foutbòl la Pòdpe, sa pa enpeche responsab yo vanse ak travay yo. Travay yo lanse ak fèb mwayen yo gen nan men yo, men y’ap tann sipò kominote a daprè Rock Juvens Clavel.

Se yon veritab defi pou responsab Lig yo, paske divès jwè ak responsab Ekip Foutbòl pa sispann tag yo pou jwenn kote pou Ekip, Abit yo jwenn kote pou abiye. Ak blòk sanitè pou moun ki vin nan match jwenn kote pou fè bezwen.

Malgre li an deplasman pou Etazini, ansyen Prezidan Lig Foutbòl la Rock Juvens Clavel pwomèt lap kontinye travay nan tèt kole ak Prezidant pou yon ti bout tan an, Madam Milouse ak tout lòt kolaboratè yo pou travay sa reyisi.

Pa gen oken detay ki bay jiskaprezan sou montan pwojè sila ap koute, men nan tèt kole ak MVP Wireless, Garry Quality Services, responsab yo mande pou kominote a mete men pou reyalize gwo chantye sila.

Comments are closed.