Divès sitwayen nan site Kapwa Lamò a plenyen kont DINEPA ki pa pran an konsiderasyon aplikasyon yo pou sèvis dlo potab.

1,132

01-07-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Anpil moun Pòdpè ap plenyen kont DINEPA ki pa reponn ak demand yo pou sèvis dlo potad. Pou sitwayen yo, sa fè plizyè mwa yo soumèt aplikasyon pou sèvis tiyo rezidansyèl, yo pa jwenn oken repons favorab bò kote responsab yo.

Daprè yon sous pwòch DINEPA, pwoblèm nan egziste, e an reyalite gen anpil demand. Responsab yo ta evoke problèm materyèl; konsa, teknisyen yo trouve yo nan gro difikilte pou prosede ak yon seri enstalasyon rezidansyèl. Enfo yo ta ale pi lwen pou pwente dwàt sou ensekirite sou wout Kanaran an, ki pa bay garanti ke materyèl yo ap rive nan Nòdwès peyi a.

Daprè menm sous la toujou, magazen ki konn bay materyèl yo, anpil fwa se a kredi yo konn bay pou touche aprè. Yo vin pa vle pran risk bay machandiz kredi akoz ensekirite a. Konsa, yo plis kwè nan touche cash avan tout livrezon.

Nap raple andeyò moun kap plenyen kont DINEPA ki pa reponn ak demand yo, gen anpil ensatisfaksyon bò kote anpil lòt moun akoz kalite dlo kap koule nan robinè lakay yo. Yo mande pou responsab yo amelyore kondisyon sèvis yo; yo menm mande ki sa ki anpeche DINEPA kap mal pase nan Nòdwès peyia, pa anvizaje vwa maritim pou transpòtasyon materyèl yo.

Comments are closed.