Direksyon depatmantal agrikilti branch Nòdwès prezante kèk rezilta travay nan kad pwogram PMSAN 1 an.

08 – 08 – 2024
Bèdeyèn, Ayiti__(TRiboLAND) Nan kad yon virewon direktè depatmantal agrikilti branch Nòdwès la, agwonòm Charité Louis, tanmen nan zòn Ba – Nòdwès depi plizyè jou, li prezante ak divès zanmi laprès rezilta travay pwogram PMSAN 1 an ki te dewoule nan komin Bèdeyèn.
Nan sans sa a jounen jedi 8 dawou 2024 la, direktè a prezante travay ki reyalize nan Sant Inite Transfòmasyon Bannann ki twouve li nan lokal Frè Tèt Kole yo nan Bèdeyèn, kote peyizan yo transfòme bannann pou pwodwi papita, kiyèz ak lam veritab pou fè divès lòt pwodui ke nou pa rive site.

Enfòmasyon direktè Charité Louis pataje ak korespondan TRiboLAND yo fè kwè, rezilta travay pwogram PMSAN 1 nan tèt kole ak Konsòsyòm WVHH rive posib gras ak sipèvizyon DDNO, MPCE, MAST, DSNO, poun site sa yo sèlman.
Tout fwa direktè a pwomèt nan jou k’ap vini la yo l’ap rann li nan komin Bonbadopolis pou fasilite rezilta pwogram PMSAN 1 an pou anpeche kretyen vivan tonbe malnitrisyon pou ti moso lamanjay.