DINEPA nan difikilte pou delivre yon konn gout dlo nan Pòdpè

303

12/19/20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depi plis pase 2 mwa, anba grenn je otorite yo, vil Pòdepè ap fè faskare ak yon kriz dlo san parèy. Popilasyon sa a ki bezwen dlo pou l regle zafè l, oblije pakouri plizyè kilomèt apye nan zòn Tifon, Obè, Balade ak Chansòl avan pou l tounen pwatann nan rete tann DINEPA ki pa kap fè yon pa. https://www.dinepa.gouv.ht/fiche-didentification-et-dattenuation-des-impacts-environnementaux-et-sociaux-nord-ouest/

Konsa, DINEPA ki se yon enstitisyon ki “prezan absan nan Site Kapwà Lamò a, rate atribuson li nan enkonpetans li pou alimante vil Pòdpè an dlo potab. Anplis, DINEPA ki ta sanble mete nan yon kwen yon seri nòm administratif e bliye ke li genyen esplikasyon pou li ta bay popilasyon ki genyen plis pase 2 mwa san dlo ap riske vi yo fas ak bandi, chime ki pafwa bat yo e fè egzasyon sou yo nan cheche ti gout dlo.

Kriz dlo nan Nòdwès pa janm sispan manifeste avèk responsab DINEPA yo ki pran yon malen plezi trete depatman an an paran pov alòske li lèse peyi Espay kòm patnè finansyè konpran sa ap mache byen nan depatman an; konsa, devan tout krèy problem sa yo, popilasyon an mande DINEPA esplikasyon sou ratman dlo ki toujou an pèmanans depi dig dantan.

Anpil moun fatige ak swa dizan konpòtman konpayi fantòm sa ki pa reyelman konvenk moun atrave PROGRAMME EAU POTABLE ET ASSAINISSEMENT EN MILIEU RURAL DURABLE (EPARD). Gen lot ki plis wè se pale plis nan fo pawòl ke bay sèvis. Yo reproche tou strikti DINEPA a ki responsab Gran Nò peyi a, kontante’l sèlman nan fè bèl promès chak ane sou reparasyon yon seri kiòs ki pa janm ka rezoud, alòske l’ap itilize gaz leta, machin leta e touche chèk leta chak mwa.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.