Etazini: Yo jwenn 3 lòt ka COVID-19 nan Eta Jorjya

0 436

Atlanta___(TRiboLAND) Genyen 3 ka COVID-19 ki konfime pou Eta Jorjya, ki vinn bay yon total senk moun, dapwè ofis Govènè Brian Kemp jodi Samdi 7 Mas 2020 an.

Depatman Sante Piblik nan tèt kole avèk Sant Kontwòl Maladi ak Pwevansyon deklare ke gen youn nan moun ki enfekte yo ki soti nan kontre Cobb e ki pa gen lontan ke li te soti nan peyi Itali. Nan moman sa, moun sa nan yon izolwa an karantènn. Yon lòt nan yo soti nan kontre Fulton e li ospitalize. Konsa, yo toujou ap mennen envèstigasyon ki kapab detèmine nan ki fason viktim sa te ekspoze fas ak viris la.

Gen lòt tès tou ki konfime yon ka nan kontre Floyd; e malad la koulya twouve li nan lopital. Mr. Kemp, nan yon nòt li mete deyò, fè konen ni osyèl Federal ak Eta yo kontinye ap fè bwas pou teste ak detèmine nan ki fason moun sa yo arive pran COVID-19 la. Pousantaj risk “Eta Jorjya minim anpil,” dapwè Gouvènè a. “Nou ankouraje tout rezidan jorjya yo pou yo rete tèt fwèt, vijilan e itilize tout enstriksyon apwopwiye yo ki kapab diminye ris sante yo.”

Leave A Reply