Sosyete Sivil Dezam bay Sou-komisarya Dezam 2 dwòn yon fason pou lapolis ka opere kont bandi nan Balatibonit

DIREKSYON DEPATMANTAL LATIBONIT
Lapolis inogire nouvo lokal Sou-komisarya Dezam nan ki nan komin Vèrèt epi enstale yon nouvo ekip polisye aprè lokalite a pase 13 lane san prezans lapolis.
Se sou enstriksyon Direktè Jeneral polis Nasyonal la, DG Frantz ELBE ke reyalizasyon gwo sòlòkòtò sa rive fèt. Direktè Depatmantal Latibonit la ki te reprezante Direktè Jeneral la nan seremoni ofisyel la, te felisite sosyete sivil Dezam nan pou 2 dròn yo mete a dispozisyon Sou-komisarya ak lot materyel yo bay pou polisye yo santi yo konfotab nan zòn nan.
Reouvèti sou-komisarya Dezam nan, rantre nan kad estrateji Direktè Jeneral polis la pou kouvri tout espas teritoryal kote bandi te okipe akoz absans polisye.
Gonayiv, 05 janvye 2023.
Sèvis Depatmantal kominikasyon
Latibonit






