Pòdpè ensekirite: Bandi sangwen touye yon moun e blese yon lòt nan fè brigàd vijilans nan zòn Bèlvi

693

07/29/2021

Belvi, Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon gwoup bandi atake yon lòt gwoup sitwàyen ki tap moute bwigàd vijilans nan lanwit 28 jwiyè pou rive 29 nan zòn Bèlvi, yon katye nondwà tou pwe anbouchi vil Pòdpè a.

Bandi yo pa arive idantifye tire sou gwoup sitwàyen pèzid say o ki senpleman peche akoz yo te deside monte lagàd pou sekirize katye yo. Konsa, Elius Celius se youn nan rezidan yo ki mouri apwè li resevwa yon bal nan epòl dwàt e yon lòt nan epòl goch; alòske Cenel Pierre ki se direktè lise Sténio Vincent an, pwan 2 bal e kondisyon sante a estab apwè ke yo te kouri lopital avè l an ijans, dapwè konsta legal yon jij ki rele Paul Blanc.

Antouka, pou jounen 29 jwiyè, genyen gwo konfwontasyon ant 2 gwoup ki pa sispann twoke kòn yo apwè yon parèy fuziyàd. Youn nan gwoup yo kap batay, detèmine pou vanje lanmò Elius ki se viktim nan. Yon sitiyasyon ke otorite yo deklare ke yo genyen kontwòl, alòske plizyè sitwàyen dekri yon sitiyasyon ki trè tandi ak laperèz.

Comments are closed.