Lekòl Notre Dame du Perpetuel Secours “Kay Sè nan vil Pòdpè: Detant Kiltirèl 2em Edisyon : “BÈL FANM ANNDAN TANKOU DEYO”

211
0
Share:
triboland

PÒDPÈ__(Triboland) Abiyman akseptab, elèv kay sè yo te envesti  plizyè ri nan vil pòdpè, akonpanye Lapolis  pou  sekirite yo,  paran ak  kèk enstans  nan  Leta-a tankou: Delegasyon Nòdwès, Lajistis, Direksyon Afé Sosyal, Direksyon Ministè  Jenès ak Espò, branch  Nòdwès… , anba  gwo  mizik DJ,  nan mete bonjan animasyon.

Rive nan lakou kay sè a, ki se lokal abitwèl yo, nan moman elèv sa yo tap devlope talan yo nan danse ak nan deklare bèl  ti powèm. Direktris enstitisyon sa-a, Sr Marie Chantal Charles ki tap eksplike rezon ki pouse yo òganize seri aktivite sa yo nan lekòl la chak ane, fè konnen yo sou 2èm Edisyon yo kote ane pase, nan dat 1e Me 2018 ki te 1e Edisyon. Yo te mete tout pwofesyon yo anvalè kote tout elèv te pran konsyans pou yo ta gen kichóy nan men yo demen. Se te yon okazyon tou pou chak elèv te fè yon chwa yon metye yo pi renmen e mete yon abiman ki mache ak chwa metye yo tankou: avoka, medsen, agwonóm, anseyan, enjenyè, e jesyonè.

Direktris lekòl Notre Dame du Perpétuel Secours a,  Sr Marie Chantal Charles, rapousib pou-l di,  2èm Edisyon an ane sa-a ki gen pou Tèm: “Bèl Fanm Anndan Tankou Deyó”, ap pèmèt elèv yo amize yo, fòme tèt yo answit aprann mete anvalè fanm yo ye a paske youn nan bagay ki bay pwoblèm ki fè jèn nou yo mal pou reyisi nan lavi a, se paske yo pa konn tèt yo e yo pa renmen tèt yo nonplis pandan-l fè konnen jan aktivite sa yo ap pèmèt medàm yo ki deja fè chwa  metye yo depi koulya ap rive dekouvri demen kilès yo ye.

Dorah  Pierre, elèv NS3 ak Milouse Charles, elèv NSI, ki  tap  devlope talan yo nan kad aktivite kiltirèl la, atravè danse ak chante, fè konnen, seri  aktivite sa yo,  rive fè yo dekouvri kilès moun yo ye answit sa va pèmèt yo valorize tèt yo e pa kite pèsònn moun foule vale sa anba pye.

Kanta paran yo kite akonpanye pitit yo nan aktivite kiltirèl sa-a, pat kache  satisfaksyon yo. Selon paran sa yo, jan aktivite sa yo ap pèmèt pitit yogen yon lòt konpótman vizavi avni yo. 

Wiskis, Saint Jean

Share:

Leave a reply