Pastè Armel Lafleur voye flè, li sanksyone pou li pa angaje nan aktivite ministeryèl pandan 5 lane

1,068

01-05-2023

Pòtoprens, Ayiti (TRiboLAND) Direksyon Ministè Kil ki sou tèt enstitisyon relijyez yo nan peyi Dayiti, sanksyone Pastè Armel Lafleur pou li pa angaje nan oken aktivite ministeryèl pou 5 lane.

Desizyon sa pran, swit ak yon videyo devègonde viral sou rezo sosyal yo, ki montre swadizan dirijan legliz la tap would tete, chita sou kwis ak peze dèyè pròp pitit fi li an piblik nan moman sèvis.

Atik 13 dekrè 1978 la, ki kondane tout moun kap pratike yon seri aktivite ki pa kadre ak lòd moral piblik anndan Legliz. Konsa, provizyon legal sa voye Lafleur nan kanpe lwen, kote ke li pap ka fè oken aktivite anndan Legliz kòm Pastè, soti 3 janvye 2023 pou rive 3 janvye 2028.

Konsèy kap dirije “L’église de Dieu Indépendantes de la porte étoile”, ap genyen pou nome pa pita 9 janvye, yon lòt Pastè ki asèmante pou asire enterima, daprè atik 8 ak 9 menm dekrè a.

Nap raple, yo repwoche Pastè Armel Lafleur pou sangwen, devègonde, drivayè ak ras kabwit nan zak san pidè ak sisinaj nan mitan legliz ak pitit fi li.

Comments are closed.