Pakè Pòtoprens envite Pastè Amèl Lafleur vin reponn kèk kesyon Lajistis

1,264

01-03-2023

Pòtoprens, Ayiti (TRiboLAND) Chèf Pakè Pòtoprens lan, Me Lafontant envite Pastè Amèl Lafleur pou vinn reponn kesyon lajistis demen maten mèkredi 4 desanm 2023 a, vè 10 zè nan maten.

Envitasyon sa fèt swit ak yon videyo ki trè viral sou rezo sosyal yo, Kote Pastè a ak yon demwazèl tap montre fidèl yo ki pozisyon pou yo bay mari yo. Yon dosye ki leve plim sou do nasyon ayisyèn nan.

Pou kritik yo, se paske swadizan Pastè lòbèy la achte lajan kontan Jistis peyi a depi kèk tan, ki fè yo pa janm chèche depoze “malad mantal” la dèyè yon baro salte pou plizyè ane. Lòt kritik sijere ke Amèl Lafleur ansanm ak yon pakèt raketè kap pouri jenès la, (program tisourit, carwash) se yon kanse pou Ayiti; yo pa genyen plas yo nan sosyete ayisyèn nan ki deja an pouriti devan je rès monn lan. Sa ki pi efreyan, yon parèy dechè sosyal kontinye genyen lòbèy kap swiv li.

Akizasyon yo se: outraj a lòd piblik ak pou twoub lòd sosyal. Daprè enfo yo, demwazèl la ak sangwen parèy li tap fè demonstrasyon an ta sanble se pitit Amèl. E gen moun ki menm trete zak la kòm “ensès” paske gen yon seri bagay paran pa dwe fè ak pitit yo.

Konsa obsevatè yo rete kwè, prochen etap Paste Lafleur ta gen pou wè ak yon demonstrasyon piblik yon seyans zannimo ak moun!

Comments are closed.