Yon jèn gason mouri masakre sou Boulva Jovenel Moïse la, nan zòn Makèt SCD, vil Pòdpè.

1,023

01-01-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan lannwit 31 desanm 2022 pou leve 01 janvye 2023, Edwin Jules ki genyen18 lane, ke anpil moun konnen sou non “Dodo” kap fè NSIV nan Kolèj Notre-Dame de Lourdes (CNDL), mouri nan zòn Makèt SCD nan vil Pòdpè.

Moun yo pa rive idantifye rive al lage kò a nan Lopital Imakile Konsepsyon. Daprè kèk dyagnostik pèsonèl sante yo, Edwin sibi anpil move tretman avan li mouri. Yo jwenn klavil li kase, pye kase e tèt fann.

Daprè enfòmasyon kap sikile, se ta asasinen yo asasinen li nan lannwit 31 desanm 2022 a. Dodo se pitit Gabart Michel ak Béatrice Noël kap viv Etazini. Antouka, site Kapwa Lamò kòmanse premye jounen ane 2023 a, ak yon krim odye ki revòlte yon pakèt sitwayen.

Comments are closed.