Edikasyon: Asosyasyon Enstititè ak Aseyan Piblik Nòlwizyèn (ALEPN) anonse yon modòd grèv nan lekòl piblik yo.

04-15-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès vandredi 4 avril 2023 a, Asosyon Enstititè ak Anseyan Piblik Nòlwizyèn yo anonse yon modòd grèv nan lekòl piblik yo. Anseyan yo ki tap eksprime mekontantman yo, ta fè kwè si lekòl se zam ki pi fò, ki kapab chanje moun, e pou ki sa se li menm ki pi meprize nan peyi Dayiti. Lè yo konsidere jan lavi a ap vin pi difisil, yo bouke, yo pa kapab ankò. Selon moun ki li nan gwo liv yo, gen 4.5 milyon moun kap viv nan ensekirite alimantè, anseyan yo pa epanye. Yon ti kaka aran chak 3 mwa paka ede yo fè fas ak sitiyasyon difisil la. Kidonk, Abraham di sètase!
Anseyan yo mande leta pou peye yo regilyèman chak 22 nan yon mwa.
. Ba yo kat debi leta te masyone a.
. Ogmante salè anseyan yo ki pa vle di anyen jounen jodi a.
. Aplike griy salaryal la
. Mete ONA pou anseyan yo.
. Fè yo jwi asirans sante epi peye asirans lan pou yo ka rejwenn sèvis la.
. Mete fòmasyon pou tout anseyan ak administrasyon yo.
. Nome anseyan kap travay nan klas depi dikdantan yo.
. Retounen ak kredi yo tankou:kredi PAM,lojman,enèji.
. Bay tout moun ki fè demand pansyon nan sistèm nan pansyon, epi aprè lanmò pansyonè a, fòk yon manm nan fanmi lan jwi pansyon an.
. Bay pwomosyon ak chak aseyan ki gen konpetans yo.
Si tout pwen sa yo pa aplike, asosyasyon an ap kanpe travay jiskaske yo jwenn rezilta,si non chak mwa yap bòykote lekòl la!
Pierrilien Nicol Colly






