Latòti vle vanse nan devlopman

276

09\09\2020

Latòti____(TRiboLAND) Nan kad revolisyon konsyans ki manifeste kay tout pitit zile Latoti yo ki aletranje tankou sa ki lakay yo, plizye pwoje devlopman ki vize eskanp figi zile a ap ekzekite sou youn pami gro zile atravè peyi a.

Nou vle site: kontriksyon wout an beton ki antrepran nan zòn tankou: Tèt Delil, Oplèn, Ofigye ak Jako-Opalmis. Nan Jak, Marouj, Maye…. Se avèk kontribisyon pitit zile a ki lòtbò e konbine ak sa yo ki nan peyi Dayiti ki rann travay sa yo arive materialize.

Nan sans sa a pandan pasaj li sou zile a, Senate Kedlaire Augustin te chita dimanch lan avèk ekip li e 5 reprezantan diferan komite kap ekzekite travay sa yo kote li bay chak reprezantan yo 50 sak siman kom kontribisyon pal nan travay betonaj wout kap fèt sou zile a.

Moun ki te la yo pat kache kontantman yo e mande lòt otorite fè menm jès la tou yon fason pou pote men fòt nan kad devlopman zile a ke leta totalman meprize.

YIASAINTHE FRISNERL JOURNALISTE

Comments are closed.