Lajistis nan vil Pòdpè libere e bat do yon bandi ki te touye yon enspektè polis

3,931

05-08-2022

Jean Renald Dorcin, enkilpe asasen Johnny Brucette, enspektè polis ki te afekte nan sou Komisarya Basen Ble a, libere 23 avril ki sot pase nan yon kontèks sispèk.

Dosye asasinay Enspektè Brucette la te rive Pòdpè, aprè lapolis nan Lwès te arete Jean Renald. Ka legal la te enskri nan nimewo I-2019-030, nan kabinè enstriksyon e li te kominike nan Pakè Pòdpè a, nan dat 25 novanm 2020 ki pat janm retounen nan kabinè enstriksyon (li tap flanen, lolll) swa dizan li te pèdi.

Selon sa Jij Jean Mara Édouard ekri nan òdonans lan, enkilpe a pa responsab sa. An konsekans, detansyon Dorcin an iregilye, sa pèmèt yo aplike atik 80 C. I. C an favè li aprè Me Jean Michel Elvariste te mande men leve.

Konfòmman sou konklizyon chèf Pakè a, menm kote yo aplike atik 80 C.I.C nan kòd enstriksyon kriminèl la, Jean Renald Dorcin otomatikman jwenn men leve a (isit gen komedi vre) e bay lòd pou libere li, si yo pa reproche li de lòt bagay. Elas! Se sèl fanmi ak zanmi enspektè Brucette ki pèdi nan traji-komedi a.

Pou anpil obsèvatè, Lajistis pa jis nan Pòdpè. Vitès deriv ak rakèt yo ta sanble pa respekte fwen e yo kontinye ap repete nan jiridiksyon an. Gen kritik ki ta sanble sispèk se yon magogo ki bay ou byen pasasyon moso tè tankou jan sa abitye fèt? Si dosye a te pèdi, èske Lajistis pat ka retrase li?

Dosye Johnny Brucette la, sa pèmèt gen anpil plenyen ak machwè gonfle nan Pakè Pòdpè a. Kidonk, anpil moun pran sant yon lòt kriz ankò nan aparèy Jistis site Kapwà Lamò a ki toujou nan nesesite plis netwàyaj ak bale wouze!

Enel Richard

Comments are closed.