Nòdès : Jèn pechè Judson Exaryon pèdi lavi l nan lanmè

427
0
Share:
TRiboLAND

10/21/2025

Nòdès, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon jèn gason 19 lane, ki rele Judson Exaryon, mouri nwaye pandan li t ap egzèse aktivite pwofesyonèl li nan metye lanmè, nan zòn fwontyè Masyanni ak Derak, nan depatman Nòdès peyi a.

Jij Sipleyan Ferye a, Me Jean-Mary Saint-Phard, ki te sou plas jounen lendi 20 oktòb 2025 lan, pou te fè konsta legal yo, epi remèt kò viktim nan bay fanmi li.

Plizyè moun nan lokalite Masyanni ak Derak di yo santi yo frape ak nouvèl sa a, paske yo te konnen Judson depi lontan kòm yon jèn travayè, trankil, ki toujou patisipe nan aktivite peche zangi chak fwa sezon sa rive nan lanmè Masyanni.

Lanmò Judson Exaryon kite yon gwo doulè ak dezolasyon nan kominote a, sitou pami lòt pechè ak machann ki konn vann pwason nan rejyon an.

Share:

Leave a reply