Kòdinasyon depatmantal Nòdwès AAA klotire ane 2022 a, atravè yon ti bat bouch

1,292

01-01-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon rankont ki konpoze diferan manb kòdinasyon depatmantal Nòdwès AAA a, ak Laprès, kòdonatè Depatmantal AAA a, Cadet Ductant te ouvri deba yo, pou di : se yon chita pale nan dènye jou ane a pou gade ansanm kèk bagay ki pase pandan ane 2022 a, yon ane ki te si difisil.

Pou Kòdonatè a, depatman fè yon gwo bak nan sak gen pou wè ak politik, a tèl pwen genyen enstitisyon ki idantifye yon kategori moun ki te make ane a nan depatman byen ou mal, pa gen oken aktè politik. Yo menm nan Ayiti An Aksyon, yo te oblije fè yon chita pale ak sèten manb AAA ak plizyè jounalis pou gade ane a, ak pèspektiv pou ane 2023.

Pèspektiv yo se dabò, fè politik la yon lòt jan nan depatman; pa egzanp familyarize plis ak Laprès; malgre moman yo te difisil pou AAA, yo se roze, se pliye yo pliye men yo pap tonbe. Pèsekisyon ou pa, fòk yo kontinye batay pou pèp Ayisyen an, e yo pap bay vag. 

Pou Dr Frito Zephirin, vis kòdonatè Depatmantal AAA, moman rive pou politik sal la sispann fèt nan peyi a, paske li pa bay rezilta. Yo pwofite moman fen ane a, pou di tout kamarad AAA kenbe fèm pa lage, viktwa final la se pou nou; yo swete tout lòt kamarad politik, Laprès an jeneral “Bòn Konba” pou ane 2023. Mèt Honoré Jean Risner (Zanzi) te pouswiv pou di: chita pale pou bati yon sosyete enpòtan anpil, tandans politik yo ka toujou diferan, men batay la se pou yon demen miyò.

Divès manb te pale sou enkyetid yo genyen pou ane 2023, yon ane ki ta sipoze yon ane elektoral men ak tout divèjans ki genyen yo, èske eleksyon ap rive fèt pou renouvle pèsonèl Administratif Leta. Apati 2èm lendi, janvye 2023 peyia pap gen oken eli, se yon desepsyon pou yon peyi demokrat.

Yo fini rankont lan ak yon kolasyon, kote yo te manje bwè ansanm ki se yon siy fwatènèl ak rekonsilyasyon pou yon ane tou nèf.

Comments are closed.