Radio Marconi FM bay plizyè santèn timoun kado

267
0
Share:
TRiboLAND

01-01-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Jodi dimanch premye janvye 2023 a, Radio Marconi FM nan vil Pòdpè, distribye jwèt ou kado bay yon santèn timoun.

Pou yon 3è fwa, youn dèyè lòt PDG Radio Marconi an, Me Ychmutt Corneille alyas “Rambo”  òganize aktivite pou timoun yo nan site Kapwa Lamò a; menm jan paran yo te konn fè timoun yo viv fèt fen ane yo ak nouvèl ane. Tradisyon se te “Papa Nwèl” pote kado pou timoun yo, yon ansanm bagay kap pèdi pye nan kilti pèp ayisyen an; akoz sitiyasyon kriz sou kriz peyi e latriye.

Genyen jwèt pou tout kategori timoun, soti 3 lane pou rive 15 lane. Yon inisyativ ki te jwenn sipò Radio Marconi, TRiboLAND, Fondation Locker, Ronald Labranche, Notre-Dame dépôt. Menm si bagay yo difisil, Me Rambo di lap kontinye travay ak kòmanditè yo pou fè kè timoun yo kontan cha fen lane! 

Share:

Leave a reply