Òganizasyon vant sinyati liv, kòdonatris jeneral pwogram kantin eskolè a, pral ede ti moun ki nan bezwen yo nan komin Bè Deyèn.

638

07-13-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon toune ki dire plizyè jou nan depatman Nòdwès la, kòdonatè jeneral pwogram kantin eskolè a, madam Djina Guillet Delatour, òganize vant sinyati liv li a, ki titre “40 ans au delà des limites”, nan vil pòdpè, patikilyèman nan Otèl Kasika, Lakoup, Pòdepè.

Orijinè Nòdwès la ki tap pale, fè konnen, vizit li nan depatman Nòdwès la, se jis pou te òganize vant sinyati liv li a, kap gen pou bay bourad ak yon òganizasyon ki pote non “Trapoza”, k ap travay nan devlopman nan lide pou sipòte ti moun ki nan lokalite Ti paradi, nan komin Bè Deyèn ak 50% sou chak liv ki vann nan kad pwojè sila.


Pou orijinè Nòdwès la, madam Guillet Delatour, “40 ans au delà des limites pour une cause”, se yon liv ki trase pakou pwofesyonèl direktris la, familyal ak pèsonèl li, men, ki trennen kòz ti moun yo dèyè’l, jan sa mansyone a.

Comments are closed.