Yon bon valè fanm manifeste nan kapital pou denonse degradasyon zak kidnapping yo anndan peyi a

2,317

03/07/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Yon bon valè fanm ayisyèn pran lari jodi lendi 7 mas 2022 a, foule beton an nan kapital la pou pwoteste kont zak kidnapping yo kap moute balkon atravè peyi Dayiti, patikilyèman depatman Lwès peyi a ki pa kapab ankò.

Se yon inityativ ki manniganse sou lobedyans fanm kap milite nan zantray pati politik “Ayiti An Aksyon (AAA) ki estime ke bagay bandi sangwen ou kriminèl kap mete dlo nan zye moun ak kreye yon atmosfè tèrè ak ensekirite, dwe rive nan bout li.

Yon parèy mouvman koenside ak joune entènasyonal sou dwà fanm, kote ke antite sa ki se “manman lavi” pwofite ap denonse zak kadejakè, dappiyanp, vyolans, abi seksyèl tout kalite ke yo egzèse sou yo nan sosyete a. Yo tout te an nwà e yo tap defile ak pankàt nan men yo pou denonse machinn enfènal la ki efondre lavi sosyàl ak ekonomik peyi a.

Pandan dewoulman manif lan, moun te kapab remake pwezans kòwodonatè nasyonal AAA a, ansyen senatè Latibonit lan, Youri Latortue ki te pwofite ap depoze e lonje dwàt jouda sou gouvènman vwàyou ou initil aktyèl la ki vinn mete plis apse sou klou nan efondre peyi Jan Jak la.

Comments are closed.