Kamewoun: yon pè sot tonbe e mouri pandan l’ap selebre yon mès (video)

399

 Douala____(TRiboLAND)   Nan peyi Kamewoun, yon pè sot tonbe e mouri sou yon otèl pandan yon mès dominikal.

Reveran pè Jude Tafon, ki nan pawàs St John de Deido nan Douala, mouri. Sèvitè BonDye a ki te genyen 32 lane rann dènye soupi li samdi ki te 26 out 2020.

Li t’ap prononse yon Omeli avèk yon mas fasyàl pandan bwit sou kou li sispan paske li pat kapab respire byen. Kèk segon aprè, li sot tonbe sou otèl la e lòt pè yo kouri pou ede’l. Konsa, li rann dènye souf li sou plas. Koz lanmò li rete yon mistè.

Comments are closed.