Jounalis Crib Ricardo mouri aprè ansyen polisye revoke Jerry Acange Leconte te blese li ak plizyè bal.

1,076

12-30-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jounalis Crib Ricardo ou (Crib Richard) mouri aprè midi vandredi 30 desanm 2022 a, nan lopital Mibalè aprè li te fin resevwa plizyè bal nan ponyèt ak nan poumon anba men ansyen polisye revoke Jerry Anderson Acange Leconte, dimanch maten 25 desanm 2022. nan Kwa Jibile a.

Ansyen polisye revoke, Jerry Anderson Acange Leconte presize ke li tire Crib Richard, se akoz li ta youn nan chinwa kap founi Terriel Telus fos enfòmasyon kom kwa li ta nan gang ak kidnapping, daprè madanm viktim nan ki tap kriye nan Radio Préférence de Petit-Goave, 107.7 FM. RicardoJerry Anderson se yon jounalis kiltirèl ki anime yon emisyon “Rap” sou antèn Radyo Planèt Vibrasyon nan vil Tigwav.

Jerry Anderson Acange Leconte, sou bò pa li repwoche Terriel Telus li di kap kritike li, aloske li blese mòtèlman 2èm chèf gang nan 2èm seksyon kominal Tigwav la; sepandan, Terriel Telus pa di anyen sou sa.

Selon revelasyon madanm viktim nan, Leconte ki se yon bandi legal, avwe ke se li menm ki touye Crib Richard e li promèt pou li touye madanm nan ak tout manman l tou. Leconte ki ta sanble ap miltipliye krim nan komin nan, defye swadizan lapolis ki fèmen je’l sou konpòtman bandi sangwen Leconte.

Nap raple, se pa pou premye fwa Jerry Leconte ap komèt vye aksyon sa yo, sa pa genyen lontan li touye ak bal nan Mòn Tapyon, Kafou Vali, 2 jèn gason: youn ladan yo,se yon chofè taksi ki tap kwondwi 2èm chèf yo akize ki nan gang nan 2èm seksyon kominal Tigwav.

https://www.facebook.com/watch/?v=490916503152289

Comments are closed.