Dubréus Augustin: se non yon lòt pwofesè e jounalis ki mouri sanzatann nan vil Pòdpè

0 651

Pòdpè___(TRiboLAND) Vil Pòdpè leve maten anba gwo sezisman janboral ki fè eta nouvèl lanmò Dubréus Augustin jodi 20 Avwil 2020 an.

Se anba rèl ak kriye moun katye Dè Lafabrik, zònn rezidansyèl nan vil Pòdpè leve maten. Lanmò jènn sa gason sa ki te ankò nan karantènn li fwape e pran anpil fanmiy, zanmi ak kòlèg defen nan kou san zatann. Anplis se yon kou di pou sèktè edikasyon an nan Nòdwès peyi ki pa sispann asiste ale kon kout eklè divès pitit depatman an ki se lavi demen.

Akote fanmiy ak zanmi, Mr. Augustin ki fòme plizyè jenerasyon kòm pwofesè, kite yon latriye etidyan nan dlo nan je. Etidyan kolèj tankou: Georges Sylvain, CEM, Georges Washington e lòt, pran yon gwo fwap anba yon parèy disparisyon sanzatann. Li te egalman yon jounalis chevwone avèk yon pakou ekstraòdinè; youn ki te egzèse anpil karism ak pwofesyonalism nan kiraj enfòmasyon. Li te korespondan Radyo Vizyon 2000 nan Pòdpè.

Nòdwès fè yon lòt pèt ankò; yon lòt valè ki vòltije pati bwit sou kou; yon lòt nanm ki di site Kapwa Lamò a babay, yon site ki pap sispan kriye. Ke nanm Dubréus Augustin repoze an pè!

Leave A Reply